+509 48 56 8987
nap swete'w

BYENVINI

angajman nou !    se nan aksyon nou!

Nou tout s'on menm kote'n prale. An'n kenbe men jistan'n rive !


Dimanch 29 Desanm 2024 22:04:58

SIPÒTÈ TADL-TÒP 15

#1/Philande Joseph 10.13% - #2/Diderot Mildort 9.86% - #3/Climene Normil 8.13% - #4/Monicia Dorméus 6.76% - #5/Jean Garry Joseph 6.14% - #6/Neel Datus 5.05% - #7/Wadson Mildort 3.98% - #8/Franckses Charles 3.47% - #9/Marlène Fenelon 2.89% - #10/Jolisma Oxcéus 2.43% - #11/Adrien St Cloud 2.34% - #12/Mildet Datus 2.05% - #13/Cenel Joseph 1.94% - #14/Oniel Regismé 1.89% - #15/Duciau Dantès 1.77%

👉 Angajman'w se nan Aksyon'w - Angajman 2025 : 

Jean Garry Joseph - Philande Joseph - Oniel Régismé

Byenvini sou sit TADL la. Vini avèk nou, enskri'w nan gwo mouvman sa nan : ww.tadlayiti.org/enskripsyon - Si'w bezwen plis enfèmasyon, ekri nou nan adrès sa : info@tadlayiti.org oubyen klike sou Menu Kontak oubyen www.tadlayiti.org/kontak - Nou tout s'on grenn kote'n prale. An'n kenbe men jistan'n rive !

TÈT ANSANM POU DEVLOPMAN LAKAY (TADL)
AKEY-0
AN'N PALE DE TADL
SA NOU YE

Kreye nan lane 2020 pa yon gwoup angaje, Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL) se yon òganizasyon ki mete devlopman kominotè dirab nan sant aktivite li. Misyon nou se ankouraje devlopman dirab, nan amelyore lavi moun nan kominote yo, epi ranfòse solidarite nan mitan Ayisyen.  TADL kwè ke se sèlman ansanm nou ka fè chanjman ki enpòtan e ki dirab. Malgre kontèks difisil ke Ayiti ap evolye, e kominote nou an an patikilye, TADL rete atache ak misyon sa a. E li envite'w dekouvri misyon nou, vizyon nou, ak valè ki gide aksyon nou yo . . .

AKEY-3
AN'N PALE DE TADL
SA NOU FÈ

Nan TADL, nou fè yon diferans atravè inisyativ  sa yo : Restoran Tèt Ansanm (RTA) kote nou bay kominote a espwa yon demen miyò; Pwojè Ansanm nap Pote Limyè (APL) kote kominote a aprann dekouvri lavi lannwit;  Aktivite Klinik Mobil (AKM) kote nou pote andedan kominote a la swenyay ke yo te konn al chache byen lwen; Aktivite Fen e Nouvo Ane (FNA) kote nou pèmèt granmoun e sitou timoun yo jwenn yon seri amizman melanje ak Etrèn pou yo pwofite de peryòd la; Enfin nou ka pale de aktivite Asistans ak Manm TADL (AMT) kote nou fè solidarite ak Manm nou yo nan kèk sitiyasyon tankou ka lanmò, ka katastwòf natirèl, ka depòtasyon e latrye. Nou envite'w klike sou lyen anban a pou'w jwenn plis detay sou chak aktivite sa yo, kijan yo rive fèt, konbyen nou depanse e ki vizyon nou genyen pou yo chak. 

RETOUNEN ANLÈ
AKEY-4-2
AN'N PALE DE TADL
SIPÒTÈ TADL - FÒS NOU

Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL), sipòtè nou yo reprezante kè ak nanm tout sa nou fè. Manm aktif TADL se premye e pi gwo sipòtè nou. Se poto mitan aktivite nou yo – se yo menm ki pote pi gwo chay finansye ak angajman pou pèmèt pwojè nou yo rive fèt. Gras ak devouman yo, nou ka kontinye travay pou devlopman kominote nou an. Nou pa ka bliye tou lòt sipòtè ki, nan jan yo kapab, pote kontribisyon payo nan TADL. Genyen ki bay kòb, genyen ki bay tan yo e fòs yo, gende lòt ki bay sipò lajan chak fwa ke nou adrese yo. Gen lòt ankò ki patisipe jis pou yo pwofite okazyon ke pwojè nou prezante yo. Chak kontribisyon konte, Nap di mèsi dèskke nou pataje vizyon an. Li enpòtan pou'w ta dekouvri tout sipòtè nou yo...

RETOUNEN ANLÈ
AN'N KWAPE LAMIZÈ !

Gen espwa malgre tou. Entèvansyon Irdele Lubin sou tèm "An'n kwape lamizè !". Yon travay de Ideal production TV News - Rapòte a tout Manm Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL) - Yon grenn moun pakapab. Se nou tout ansanm ! (Irdèle Lubin, Travayèz sosyal)

AN'N KWAPE LAMIZÈ - AN'N DESIDE !
-  An’n deside fè peyi !
-  An’n deside fè sosyete !
-  An’n deside ke kay fèt pou tout moun viv !
-  An’n deside ke edikasyon fèt pou tout moun !
-  An’n deside ke tout moun fèt pou viv an sante !
-  An’n deside ke dlo potab fèt pou tout moun !
-  An’n deside kwape lamizè, e nap kwape lamizè !
-  Yon grenn moun pap kapab.
-  Se nou tout ansanm ki ka fèl!

Irdèle Lubin, Travayèz sosyal

RETOUNEN ANLÈ
Scroll to Top