KISA NOU YE ?
yon vizyon ! YON ANGAJMAN POU AKSYON !
.
Tèt Ansanm pou devlopman Lakay (TADL) se premye pa pou ranfòse kominote nou. Nou kwè ke chak moun gen kapasite pou pote yon kontribisyon enpòtan pou devlope lokalite, zòn et peyi nou. Lè nou mete tèt ansanm, nou pataje lide, resous, ak efò pou kreye yon avni miyò. Devlope lakay nou vle di sèvi ak sa nou genyen, kit se konesans, talan, oswa resous natirèl, pou avanse tout moun ansanm. Tèt Ansanm pou Devlopman se solidarite ak vizyon kolektif. Nou kwè ke sèl sa ki ka e ki pral mete kominote nou sou bon wout. Nou la pou'n pote e soutni tout pwojè ki gen pou objektif amelyore lavi moun nan zòn kote nou opere a. Nan travay ansanm, nou kòmanse e nap kreye opòtinite pou ede youn lòt, e pou bati yon lavni pi klere pou tout moun. TADL se solidarite ant :
Tèt ansanm pou devlopman Lakay pa yon senp deklarasyon, se yon envitasyon pou aji. Nou pa ka tann, e nou pa dwe tann, lòt moun lòt kote, oubyen lòt peyi, vini pote chanjman lakay nou pou nou. Se nou menm ki dwe pran inisyativ la, sinon an premye. Nou kwè ke dyaloge, se premye pa nan chanje reyalite yo. Dezyèm pa a se aksyon ki pote veritab chanjman. Nou tout gen yon obligasyon pou mete pawòl nou nan aksyon, paske se atravè efò konkrè nou ke kominote nou an ap grandi. Travay ansanm ak fè sa ki nesesè, se sa ki fè diferans nan lavi moun. Tèt ansanm pou devlopman se yon apèl pou mete pwojè konkrè sou pye, pou fòme kolaborasyon, epi pou angaje nou nan travay kap pote benefis pou tout moun nan kominote a.
Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL) gen yon vizyon klè: bati ansanm ak tout moun kap viv e ki sòti nan lokalite nou yo yon kominote ki kanpe sou solidarite nan aksyon konkrè atravè aktivite tankou Restoran Tèt Ansanm pou pèmèt yo soufri tann, aktivite Klinik Mobil pou montre yo ke tout bagay posib, tankou Ansanm nap Pote Limyè pou bayo lespwa fini ak tèt gridap e latrye. Vizyon nou se pote amelyorasyon nan lavi kominote a. TADL se yon opòtinite pou tout moun ki gen menm vizyon an pou nou ale pi vit e pi lwen. TADL fè vizyon li wè tout diaspora bezwen tounen lakay paske yo wè ke genyen tout infrastrikti de baz yo tankou bonjan twalèt modèn, bon dlo potab, limyè limen nan tout kay aswè, yon sant sante pa lwen, e yon lekol kote yo ka vini pataje konesans yo ak eksperyans yo ak kominote a. Se pat yon rèv. Se vizyon TADL. Siw pataje menm vizyon sa, pouki nou pa ansanm ?