+509 48 56 8987

MANM TADL

solidarite e aksyon pou leve KOMINOTE A !

.

MANM TADL
manm tadl
Vi'n avè'n !

Si'w sansib pou lakay ou, si'w vle jwe yon wòl nan chanjman pozitif lakay, si'w ap chèche yon fason pou'w pote solisyon ki pi efikas pou amelyore lavi nan kominote a, Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay se pou ou. Nap tann ou ak de bra louvri ! Nou se yon gwoup moun ki kwè nan de mo : "Solidarite e Aksyon" pou pote chanjman pozitif nan kominote a. Avèk ou nan mitan nou, li plis ke asire ke nap rive fè plis. Nou envite'w jodia rantre nan yon mouvman ki pi gran pase moun ki ladan'l deja yo. Vi'n avè'n ! 

Yon komite ki gen 7 Manm pou ede jere òganizasyon an
Yon total de 25 Manm pou bay ide e valide aktivite
manm tadl
Yon angajman moral

 Pou w vin manm, pa gen anpil fòmalite oswa baryè. Pran konesans de "GID POU MANM YO" e pran anganjman pou'w respekte'l e amelyore'l. An reyalite, vini Manm TADL sep lis yon angajman moral : 

1. Angajman pou'w mete'w dakò ak Gid pou Manm yo
2. Angajman pou'w pataje rèv ou genyen pou kominote a.
3. Angajman pou'w peye 6500 G ou $us 50 chak ane
4. Angajman pou'w patisipe nan tout desizyon gwoup la
5. Angajman pou'w reponn ak tout mesaj ki adrese ak Manm yo
Antre nan TADL jodia e dekouvri potansyèl ou pou fè yon diferans reyèl!
RETOUNEN ANLÈ
manm tadl
Yon Pòtay pou Devlopman ak Òpòtinite

 Lè ou vin manm TADL, ou pa sèlman ap rantre nan yon òganizasyon. Ou ap rantre nan yon mouvman pou chanjman pozitif, kote talan ou, lide ou, ak efò ou ka kontribye nan devlopman lakay. Men kèk nan opòtinite k'ap tann ou:

1. Devlope Konesans ou ak Kapasite'w

Patisipe nan fòmasyon sou planifikasyon pwojè, jesyon resous, ak antreprenarya sosyal. Aprann teknik inovatif pou amelyore kondisyon lavi nan kominote yo, tankou agrikilti dirab, teknoloji enèji renouvlab, ak devlopman biznis. Travay ansanm ak moun ki gen eksperyans nan domèn enjenri, sante, ak edikasyon.

2. Gen yon Wòl Dirijan nan Kominote a

Vin yon lidè k'ap pran desizyon e bay direksyon sou pwojè ki ka ede kominote a avanse. Reprezante TADL tout kote ou pase. Bay kontribisyon nan kreye pwojè solid ki gen pou objektif Amelyore oubyen transfòme lavi nan kominote a.

3. Konstriksyon yon rezo

Nan TADL ou paka izole kèlkeswa kote'w ye nan monn lan. Wap konekte ak lòt Manm pasyone nan kominote paw la, an Ayiti tankou lòt bò dlo. Wap gen aksè e opòtinite kolabore ak lòt òganizasyon ki sipòte misyon nou an. Elaji rezo pwofesyonèl ou epi travay avèk ekspè nan divès domèn.

4. Aksè a Sipò pou Pwojè Pèsonèl ou

Prezante pwopozisyon pou nouvo pwojè ke TADL ka sipòte. Jwenn konsèy ak resous pou devlope inisyativ ou ki an liy ak misyon òganizasyon an. Patisipe nan atelye pou devlope kreyativite ou ak kapasite pwofesyonèl ou.

5. Aksè a Sipò nan moman difisil

Yon Manm gen aksè ak sipò ekonomik de TADL si'l nan moman difisil ki ekri nan GID la. Sipò sa yo gen rapò ak ka lanmò, depòtasyon e katastwòf natirèl. Men nou toujou ap travay pou etann sipò yo ak lòt sitiyasyon tankou maladi e latrye.

6. Satisfaksyon Pèsonèl ak Sosyal

Santi fyète dèske ou kontribye nan amelyorasyon lavi moun ki bò kote ou. Fè eksperyans jwa travay ansanm ak yon ekip ki pataje menm valè yo: solidarite, devlopman, ak angajman. Ede ranfòse yon vizyon ki chita sou tèt ansanm pou konstwi yon Ayiti ki pi pwospè.

Antre nan TADL jodia e dekouvri potansyèl ou pou fè yon diferans reyèl!
RETOUNEN ANLÈ
manm tadl
Asistans ak Manm TADL (AMT)

TADL toujou reponn prezan a chak fwa yon Manm li nan difikilte. E se chak jou nap travay pou nou wè kijan pou nou fòmalize asistans ak Manm yo, yon fason pou chak Manm trete sou yon menm baz. Pou sa nou etabli nan "GID POU MANM YO" aspè kap ede nou konnen kijan pou'n aji lè yon Manm an difikilte. Nap travay pou'n agranti aspè sa yo, tankou ka maladi e latrye.

Benefisyè AMT : 12 Manm
Depans total nan AMT : 673,550 Goud
Konsilte Rejis Asistans ak Manm TADL
manm tadl
Rejis Asistans ak Manm TADL (AMT)
 
Asis# Dat Detay Zòn Kòd benefisyè  Pati Goud   Pati Dola   G /1$   Tot. an Goud   Tot. an Goud 
1 26-08-20 Asistans ak Manm TADL Ka inondasyon TADL XM1_Huph 10000         117.70 10000 85
2 08-01-21 Asistans ak Manm Ka lanmò TADL AM2_Maon 36468            73.67 36468 496
3 09-01-21 Asistans ak Manm Ka lanmò TADL AM3_Adud   906          73.67 66694 906
4 09-09-21 Asistans ak Manm Ka lanmò TADL XM4_Jous   342          97.30 33209 342
5 23-10-21 Asistans ak Manm Ka depòtasyon an Ayiti TADL AM5_Duus   515       100.48 51748 515
6 30-12-21 Asistans ak Manm Ka lanmò Ditrèy AS6_Faen   371       102.98 38198 371
7 20-03-22 Asistans ak Manm Ka lanmò TADL AM7_Duès   371.0       107.26 39785.0 371.0
8 02-07-22 Asistans ak Manm Ka depòtasyon TADL AM8_Nous   347.0       118.46 41071.0 347.0
9 26-08-22 Asistans ak Manm Prete Kòb pou voyaj TADL AM9_Mius   400.0       120.59 48236.0 400.0
10 19-04-23 Asistans ak Manm Ka lanmò TADL AM10_Jose 19462.0 521.0       151.31 98219.0 650.0
11 20-08-23 Asistans ak Manm Ka lanmò TADL AM11_Moia 33849.0 587.0       135.88 113480.0 836.0
12 11-10-23 Asistans ak Manm Ka lanmò TADL AM12_Clil 1615.0 710.0       133.63 96447.0 722.0
  15-12-24 DEPANS TOTAL NAN KAD ASISTANS AK MANM NOU YO 101394.0 5070.0 673555.0 673555.0 6041.0
Fen regis la
RETOUNEN ANLÈ
Scroll to Top