+509 48 56 8987

ANSANM NAP POTE LIMYÈ

NOU TOUT BEZWEN WÈ KLÈ POU'N AVANSE !

.

ANSANM NAP POTE LIMYÈ (APL)

.

ANSANM NAP POTE LIMYÈ (APL)
Pou yo ka wè

Nan lis reyalizasyon Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL), pwojè "Ansanm nap Pote Limyè (APL) se youn nan aksyon ki montre aklè angajman òganizasyon an pou amelyore lavi nan kominote a. Pwojè sa te fèt ak vizyon pou pote limyè nan zòn ki sansib yo. Nap pran ekzanp kafou yo, koub yo e kèk lòt kote ki toujou fè nwa, ki poze pwoblèm sekirite ak byenèt moun kap mache lannwit

Nou dwe di Mèsi ak ORPRA, sitou Evens Lubin (Pitit Ayann ak Bòs Cha nan Dèkòd) ki pat ezite ba'n posibilite pwofite de bon pri pou te achte lanpadè yo. Nap di mèsi tou ak tout moun ki te kwè nan nou e ki te pote kole pou pwojè a te rive fèt. Se sèlman nan Tèt Ansanm nou te ka fèl.

Aktivite fen dane anba limyè yo (gade foto yo)

.

ANSANM NAP POTE LIMYÈ (APL)
Kisa APL fè ?

Nan tèt kole ak OPRA, Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL) nan kad Pwojè "Ansanm nap Pote Limyè" te achte epi enstale 18 lanpadè solèy nan kafou yo e nan kèk lakou. Nou te fè tout sa ki posib pou'n enstale nan mitan kèk wout ki te bezwen plis sekirite ak fasilite deplasman abitan kap viv nan zòn nan. Malerezman, nou pat ka kouvri tout lari yo. Lanpadè ki te enstale nan lakou yo te jwenn kotizasyon abitan lakou sa yo ki te pwofite de projè a.

Pwojè sa pote yon gwo siksè nan lavi chak jou nan kominote a. Limyè lanpadè solèy yo pa sèlman ofri sekirite, men yo ankouraje moun yo rete pi aktif nan aswè e pita, òganize plis aktivite rekreyatif e ekonomik, e menm pèmèt timoun yo etidye pi byen pandan lannwit.

TADL enstale : 18 lanpadè solèy
Depans total : 447,955 Goud

.

ANSANM NAP POTE LIMYÈ (APL)
Vizyon APL

Ansanm nap klere Lari a se yon egzanp vivan sou sa TADL di lè nou di "Tèt Ansanm pou Devlopman". Pwojè a montre kijan kolaborasyon ak lide kafè yon diferans nan lavi moun. Li enspire nou pou kontinye travay sou lòt pwojè nan menm sans lan, e li montre nou ke devlopman se yon travay kolektif, se ansanm nap rive ak li.

TADL rete angaje pou kontinye reflechi e chache resous pou elaji pwojè a. Vizyon nou se klere plis kote nan lari yo; Tout, sinon pifò, kay, andedan kou deyò e avèk yon ekleraj ki apwopriye. Pou sa nap bezwen patisipasyon tout pitit kominote a.

Rann kouran elektrik disponib e aksesib a kominote a
MAP SIPÒTE ANSANM NAP POTE LIMYÈ !
RETOUNEN
ansanm nap pote limyÈ (apl)
Kominikasyon sou Depans (APL) 
Akt No. Dat Detay Zòn Benefisyè  Pati Goud   Pati Dola   G /1$   Tot. an Goud   Tot. an Goud 
1 06-10-21 Ansanm nap Pote Limyè (APL) Enstalasyon 18 lanpadè 3 Zòn Popilasyon an     45,227.0      4,013.0             99.4      443,974.0            4,468.0
1 24-10-21 Ansanm nap Pote Limyè (APL) Soudi 17 Pye poto lanpadè  3 Zòn 3 Zòn                     -               40.0          100.5            3,981.0                   40.0
  15-12-24 DEPANS TOTAL KE NOU FÈ POU  APL   45227.0 45227.0 4053.0 447955.0 4508.0
Fen regis la
MAP SIPÒTE ANSANM NAP POTE LIMYÈ !
RETOUNEN
Jwen plis enfòmasyon
1
AKTIVITE
1500
DEPANS AN GOUD
0 0 votes
Évaluation de l'article
Abone'w
Siyale'm pou
guest

0 KÒMANTÈ
Ki la pi lontan
Ki fèk fèt Ki pi popilè
Scroll to Top
0
Nou ta renmen konnen sa'w panse, kite yon kòmantè soupleNous aimerions avoir votre avis, veuillez laisser un commentaire.x