+509 48 56 8987

AKTIVITE KLINIK MOBIL

LASANTE SE RICHÈS !

.

AKTIVITE KLINIK MOBIL (AKM)

.

aktivite klinik mobil (akm)
Yon ijans

Zòn kote nap viv la manke lopital ak sant sante ki pre. Anpil fwa, lè yon maladi parèt, distans wout lopital fè yo neglije oubyen fè yo ap pran remèd ki pa oblije apwopriye pou sa yo genyen an. Lè sa ta parèt on tijan grav yo oblije, pifè fwa dèyè yon motosiklèt, pran wout lopital ki byen lwen. Wout ki pa bon menm pou cheval kouri. Sitiyasyon sa mete anpil lavi moun an danje. Danje kote yon moun malad dèyè yon moto sou yon wout danjire, danje kote maladi a ka deja nan faz avanse, pou'n pa di nan faz tèminal li.

Pou eseye pote yon repons ak pwoblèm sa, TADL te lanse yon inisyativ espesyal : Aktivite Klinik Mobil (AKM). Objektif AKM se gade, mens si se pou yon jou, kouman nou ka pèmèt kominote a konnen eta sante li.

Kominote a pa ta dwe dòmi sou sa !

.

aktivite klinik mobil (akm)
Kisa AKM fè ?

Nan kad ativite AKM, TADL te rive, an twa okazyon,mennen doktè ak enfimyè pou fè konsiltasyon medikal andedan kominote a. Nou te pote e bay yon kantite medikaman esansyèl, espesyalman sa yo ki trete maladi ki pi popilè yo. Nou te mande yon ti kontribisyon de chak moun ki te vi'n konsilte, yon fason pou envite yo patisipe tou pandan ke yap pèmèt nou kouvri kèk ti depans. Pandan konsiltasyon yo, lè yon Doktè jije nesesè ke ka yon malad mande plis envestigasyon, Doktè a refere'l pou'l ale lopital prese prese. Lòt ka pi ka jere, doktè yo te preski malad sa yo medikaman ke yo te jwenn nan famasi ki te etabli pou sa jou aktivite a.

AKM kenbe yon lis de tout malad ki konsilte yo avèk tout dyagnostik medsen yo, avèk tout preskripsyon yo. Yon fason pou nou ka evalye evolisyon malad la nan pwochen aktivite nap fè. Menm si, an tèm resous, li pa toujou previzib pou'n konnen kilè.

Ede nou òganize AKM sou yon baz regilye.

.

aktivite klinik mobil (akm)
Yon Sant Sante Kominotè (SSK)

Aktivite Klinik Mobil (AKM), se yon premye etap enpòtan pou fè fas ak pwoblèm swen sante nan zòn nan, menm si se yon fwa nan ane a. Objektif TADL se kounye avèk AKM, depi pwoblèm ensekirite a regle, se chache planifye aktivite a sou yon baz regilye, chak 3 ou 4 mwa pa egzanp. Nan yon vizyon ki pi long, objektif nou se rive mete sou pye yon Sant Sante Kominotè (SSK) kap gen ladan'l yon famasi, kote yon moun kapab ale a pye san twòp mache pou desèvi tout lokalite nou yo.

Nou kwè ke avèk solidarite et aksyon tout kominote a, lokal kou entènasyonal, rèv sa a ap vin yon reyalite. Ansanm nou ka fè anpil bagay.

S'on menm kote'n prale. Ann kenbe men jistan'n rive !
NOU BEZWEN SIPÒ PAW POU'N KONTINYE !
RETOUNEN ANLÈ
Scroll to Top