YON TI JÈS POU YO !
APÈL POU SOLIDARITE - SIPÒ POU FANMI DEPLASE / SPLLBY 2025-2026
.
Sepa ni jodi, ni yè, nou menm nan direksyon TADL ap reflechi sou ki fason Efikas nou ka pote èd nou bay popilasyon Dèkòd, Labe e Letan an ki an difikilte, san ke èd sa pa devni ou pa pwodwi yon lòl pwoblèm pou nou menm e pou popilasyon an, e ki pa, O final, tounen yon gaspiyaj resous ki te deja limite ou ki pa prèske egziste. Si mwa pase yo SITIYASYON an te malouk, men dènye senmenn mwa novanm 2025 la, li vi'n DEJENERE. Gang Savyen yo anvayi tout zòn sa yo, boule kay, lage panik, laperèz ak destriksyon, epi menm rive menase retounen ak bouldozè pou raze tout zòn sa yo. Popilasyon an — granmoun kou timoun — pa't gen lòt chwa ke kouri kite lakay yo, ale refijye yo pi lwen, kote yo monte tant yo pou yo pa dòmi anba seren e pi enpòtan, chape kò yo anba bal bandi. Sitiyasyon sa a oblije nou aji pou nou montre yo ke volonte a la, men se mwayen ki pa genyen. E pou nou montre volonte nou, nou deside, jan'l ye'l ye, gade kijan nou ka pote yon ti èd ba yo pou finisman ane 2025 e ouvèti nouvèl ane 2026 la. Yon èd ki pou ede yo konplete sa yo genyen, si yo genyen, pou pèmèt yo monte chodyè pou kòmansman ane 2026 la.
Objektif pwojè sa a se pote yon soutyen imanitè dirèk bay fanmi ki viktim ensekirite yo nan lokalite Labbé, Letan et Dèkòd, nan Depatman Latibonit. Pwojè a vize ede fanmi deplase k ap viv anba tant kòm refijye yo, pou yo kapab prepare manje pou premye jou nouvèl ane a (1ye ak 2 janvye 2026) nan diyite ak solidarite.
Atravè inisyativ sa a, TADL ap chache :
Men kijan nou òganize èd la :
- Nou gentan resanse yon lis ki gen 96 fanmi
- Nou gentan konnen konbyen benefisyè ki genyen nan chak fanmi sa yo,
- Pou yo chak, nou gentan idantifye (Non ak Prenon) chak moun ki responsab fè manje pou benefisyè sa yo,
- A chak responsab sa yo, nou kalkile yon montan lajan pou nou ba yo pou yo fè manje pou benefisyè yo,
- Nou kalkile montan kòb sa sou baz kantite moun o total kap manje nan tant sa.
Kantite SIPÒTÈ nou jwenn yo pa pèmèt nou sipòte 96 fanmi sa yo si nou vle ke lajan nap bay la rive monte chodyè. Nou te oblije chwazi 39 fanmi sou baz sa yo .
- Tant ki gen tis timoun
- Tant ki gen granmoun ki gen laj
- Tant kote gang Savyen boule kay yo
- Tant ki gen timoun e kote gang Savyen an boule kay yo
- Tant kote moun yo pa gen ankenn moun ki ka ede yo
- Kontakte nou pa WhatsApp nan +509 48 56 8987
- Oswa klike sou www.tadlayiti.org/kontak pou voye yon mesaj bay komite a kounye a.
- Kèlkeswa TRANSFÈ ou fè a, klike sou
www.tadlayiti.org/patisipasyon pou'w voye RESI a bay komite a.
2. YON LÒT FASON OU KA PATISIPE - Pataje e envite lòt moun :
- Pataje lyen apèl sa a ak gwoup kè w ladan yo.
- Envite lòt moun patisipe.
Pa bliye :
- Chak ti kontribisyon konte.
- Chak jès solidarite ka ede yon fanmi manje nan ouvèti ane 2026 la.
- Plis ankò, solidarite sa ap fè yo jwenn fòs pou kontinye batay pou lavi.
1. Pou w voye kontribisyon (lajan oswa lòt bagay) pou TADL :
Nou di mèsi ak tout moun k'ap ede nou atenn objektif sa a.
Nòt sou aksè a lis la
Pou rezon sekirite, Konfidansyalite ak respè pou benefisyè yo, lis konplè a pa aksesib piblikman. Sepandan, moun ki gen otorizasyon, ki kotize oswa ki enplike dirèkteman nan aktivite a, ka konsilte lis la atravè lyen ki anba a.
NÒT POU PIBLIK LA - SOU TRANSPARANS AK AKSÈ A ENFÒMASYON
Pou asire transparans nan fason TADL jere resous li yo,
nou prepare yon rapò detaye sou kotizasyon ak sipò nou resevwa
pou reyalize aktivite yo. Nou ta renmen enfòme piblik la ke detay espesifik rapò sa yo rezève pou Manm ak SIPÒTÈ TADL.
Se yon fason pou :
- respekte angajman moun ki kontribye yo,
- pwoteje done sansib yo,
- epi ankouraje patisipasyon aktif nan lavi òganizasyon an.
Sa pa vle di ke moun ki pa kotize yo mete sou kote. Okontrè :
- Rezilta aktivite yo,
- Objektif yo atenn,
- Ak benefis pou kominote a
rete totalman piblik e aksesib pou tout moun.
Si ou ta renmen gen aksè a rapò detaye yo, ou ka vin yon
sipòtè oswa yon Manm aktif TADL selon mwayen w ak volonte w.
Chak kontribisyon, piti kou gran, gen valè.
Mèsi paske' w enterese nan travay Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL)