komite tadl
bon regleman pa JANM gate zanmi
Komite TADL la se yon estrikti enpòtan ki fèt ak 7 manm ki okipe plizyè wòl kle. Chak manm komite a gen yon responsablite espesifik ki kontribye nan fonksyonman ak siksè òganizasyon an. Nan chak etap, komite a reflechi ak anpil atansyon pou pwopoze pwojè ki an aliyans ak enterè ak bezwen kominote a. Yo travay avèk dilijans pou evite rantre an konfli ak sansibilite manm yo pandan y ap fè tout sa ki nan posiblite yo pou asire siksè ak pwogrè òganizasyon an. An n gade wòl chak manm nan komite a :
Prezidan :
Responsab pou dirije reyinyon yo, Prezidan an asire tout aktivite òganizasyon an aliman avèk misyon e valè li yo. Li kominike ak lòt manm komite a pou asire bon fonksyonman komite a.
Vis-Prezidan :
Vis Prezidan an sipòte Prezidan an nan tout responsabilite li yo. Li pran plas Prezidan an nan absans li. Li ede nan devlopman estratejik òganizasyon an.
Segretè :
Sekretè a kenbe dosye reyinyon yo, pran nòt ak prepare rapò. Asire tout manm komite a gen aksè a enfòmasyon ki nesesè yo. Jere kominikasyon ofisyèl komite a.
Kanbiz :
Kanbiz la menm jere kòb òganizasyon an. Li prepare bidjè pwojè yo e li fè rapò sou kòb ki depanse apre chak pwojè fini reyalize. Le asire trasparans ak respè nan jesyon lajan òganizasyon an.
Konseyèz an sante :
Konseyèz nan Zafè Sante a bay konsèy sou sijè ki gen rapò ak sante manm òganizasyon an. Li mete anplas pwojè sante ak pwogram edikatif. Li travay ak lòt manm komite a pou amelyore byennèt manm yo.
Delege yo :
Delege yo ede ak aplikasyon pwojè yo. Yo sipòte manm komite yo nan travay yo. Fè lyen ant komite a ak manm òganizasyon an e kominote a.
EWO TADL
Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Proin diam justo, scelerisque non felis porta, placerat vestibulum nisi. Vestibulum ac elementum massa.
Se premye moun ki vini ak ide pou bay kominote a manje nan yon peryò difisil. Li te kontakte lòt moun pou yo mete ansanm pou wè ki sa'k ka fèt.
Se premye moun ki vini ak ide pou bay kominote a manje nan yon peryò difisil. Li te kontakte lòt moun pou yo mete ansanm pou wè ki sa'k ka fèt.
Se premye moun ke Philande te kontakte e ki te kwè nan mouvman an. Li te jwe pye e men pou'l kontakte lòt moun pou pale yo de mouvman an. Premye moun li te kontakte se te Diderot
Se premye moun ke Philande te kontakte e ki te kwè nan mouvman an. Li te jwe pye e men pou'l kontakte lòt moun pou pale yo de mouvman an. Premye moun li te kontakte se te Diderot
Kòm yon ti motè, depi ke Jordani kontakte'l li kèmanse travay. E premye bagay li te fè se te kreye yon gwoup Whatsapp pou te reyini pou koumanse diskite sou sak ka fèt, e ki moun ki prè pou avanse.
Kòm yon ti motè, depi ke Jordani kontakte'l li kèmanse travay. E premye bagay li te fè se te kreye yon gwoup Whatsapp pou te reyini pou koumanse diskite sou sak ka fèt, e ki moun ki prè pou avanse.