gid pou manm yo
bon regleman pa JANM gate zanmi
GID POU MANM tadl
Poukisa yon GID ?
Byenvini nan Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay (TADL)!
Gid sa a fèt pou ede chak Moun konprann règleman yo ak fonksyonman òganizasyon an. Nou kwè ke travay ansanm ak respè pou chak moun ap ede nou rive sou objektif nou yo, ki se devlopman kominote nou an nan INITE ak SOLIDARITE. Nan gid sa a, w ap jwenn tout enfòmasyon ki gen rapò ak stati yon Manm, responsablite chak manm, Benefis ou ka jwenn kòm manm ,Wòl ak devwa komite yo, Modalite pou patisipe nan aktivite TADL. Gid la reprezante angajman nou kòm manm TADL pou travay nan tèt ansanm, mete resous nou ansanm, epi ede youn lòt nan moman difikilte. Nou ankouraje w li gid la ak anpil atansyon, poze kesyon si gen bagay ou pa fin konprann, epi respekte prensip yo pou nou ka grandi ansanm nan solidarite.
gid pou manm tadl
Pati A. Manm - Dwa e devwa
1. Yon Moun ki vle enskri kòm Manm òganizasyon TADL, dwe li konprann e pataje misyon, vizyon òganizasyon an ki pibliye sou sit li a " www.tadlayiti.org/tadl "
2. Yon Moun vi'n Manm TADL, lè'w ranpli fòmilè enskripsyon ki sou sit "tadlayiti.org/enskripsyon" la, e ou peye premye ane kotizasyon an kise 6500 Goud oubyen 50 $ US.
3. Yon Moun rete Manm TADL, lèw peye yon kotizasyon de 6500 Goud oubyen 50 $ US chak Douz (12) mwa, kòM siy renouvèlman angajman'w ak TADL
4. Yon Manm ki patisipe nan pi piti 3 diskisyon sou 4 diskisyon sou gwoup Whatsapp la, TADL rele li " Manm Aktif ".
5. Yon Manm ki patisipe nan mwens ke 2 sou 4 (< 50%) diskisyon oubyen sijè kap debat sou gwoup whatsapp la, TADL rele li "Manm Obsèvatè".
6. Ankenn desizyon sou yon sijè oubyen yon pwojè paka pran s'il manke vòt yon Manm Aktif.
7. Si Manman, Papa, Pitit, Madanm ou byen Mari yon Manm mouri, lap benefisye yon fwa (1x) pousantaj kontribisyon total kòb (K) li bay nan gwoup la de balans kòb ki rete nan Kès gwoup la (B). Egzanp : Siw kotize yon total de 100 Goud (K=100 goud). Si kotizasyon total tout manm yo nan gwoup la se 1000 goud, pousantaj kontribisyon paw la se K=100g/1000g = 0.1, K=10%. Si balans kòb ki rete sou kont òganizasyon an se 500 goud, B=500 goud, sa TADL ap ba ou a = 1 x 10% x 500G = 50 Goud
8. Si Manman, Papa, Pitit, Madanm ou byen Mari yon Manm Aktif mouri, TADL ap òganise yon aktivite Asistans ak Manm TADL (AMT) pou li.
9. Si Manman, Papa, Pitit, Madanm ou byen Mari yon Manm mouri, si Manm sa a te patisipe nan plis ke mwatye aktivite pwojè, Manm sa ap benefisye yonn plis mwatye fwa (1.5 fwa) pousantaj kontribisyon total li bay nan gwoup la de balans kòb ki rete nan Kès gwoup la.
10. Tout kotizasyon yon Moun fè ak TADL rantre nan byen TADL. Òganizasyon an pa remèt kòb.
manm tadl
Pati B. Komite TADL
Yon Manm nan komite TADL se yonn nan motè òganizasyon an. Li dwe reprezante lespri òganizasyon TADL. Li dwe o kouren de tout sa kap pase. Li dwe yon egzanp pou pifò lòt manm yo. Pou TADL asire egzistans òganizasyon an li mete pwen sa yo kòm egzijans pou ede chwazi Manm ki gen pou fè pati de komite ki gen pou dirije yo.
11. Yon aspiran Manm Komite TADL dwe yon Manm Aktif depi plis ke yon lane (3P)
12. Yon aspiran Manm Komite TADL ta dwe yon moun ki konn dirije oubyen patisipe nan aktivite kominotè. (2P)
13. Yon aspiran Manm Komite TADL ta dwe jwenn yon majorite (50%+1) vòt ki fèt yo. (4P)
14. Yon aspiran vini Manm komite a e li reyalize 8/10 Pwen (P) minimòm.
15. Komite yo eli pou 2 zan renouvlab.
manm tadl
Pati C. Pwojè/Aktivite TADL
16. Kotizasyon Manm yo dwe plis sèvi pou reyalize pwojè Oganizasyon an.
17. Komite a gen obligasyon bay tout eksplikasyon posib otou de chak pwojè oubyen aktivite li genyen
18 Chak Manm TADL dwe oblije tèt yo patisipe nan tout diskisyon sou yon aktivite.
19. Chak Manm dwe Reflechi pou pote lide pal sou yon pwojè. Yon fason pou'n ka reyalize pi bon travay.
20. Si lajan pou fè yon pwojè dwe soti sou kont an bank TADL, pwojè sa dwe jwenn otorizasyon majorite Manm yo (Manm Aktif + Manm Obsèvatè)
21. Si yon pwojè nesesite kotizasyon Manm yo pou'l fèt, li dwe jwen'n otorizasyon tout Manm Aktif yo pou li lanse.
22. Chak Manm dwe asire’l ke’l konprann yon pwojè avan’l vote.
23. Premye sipòtè pwojè TADL se Manm li yo.
24. Premye sipòtè pwojè TADL se Manm li yo.
25. Chak Manm gen obligasyon pote kotizasyon pal menm si'l piti pou pwojè yo reyalize.
26. Chak Manm gen obligasyon pale ak fanmi e zanmi nan lide pou'l jwenn kotizasyon yo pou ede pwojè yo egzekite.
27. Kotizasyon pwojè yon Manm ka prezante sou 4 fason : Kòb pou pwojè a - Tan travay nan yon pòs nesesè - Materyèl nesesè pou travay la fèt - Materyo kap itilize nan pwojè a.
28. Kèlkeswa fason kotizasyon an prezante, TADL dwe evalye li an Lajan pou'l pote'l nan rapò li pou Manm sa a.
manm tadl
Pati D. Kominikasyon
29. Yon kominikasyon ofisyèl se yon kominikasyon ki gen ladan'l yon mesaj enpòtan ki merite atansyon, oubyen ki merite yon aksyon oubyen repons de moun ki resevwa'l la.
30. Kominikasyon ofisyèl ant Komite a e Tout Manm TADL yo dwe fèt pa 2 kanal sa yo : 1. Gwoup Whatsapp Tèt Ansanm pou Devlopman Lakay e 2. Adrès elektwonik chak Manm.
31. Kominikasyon ofisyèl ant komite a e yon Sèl Manm dwe fèt sèlman pa mesaj elektwonik. Komite a dwe toujou notifye Manm sa a ke li gen yon mesaj sou gwoup Whatsapp la.
32. Tout desizyon ki soti aprè diskisyon sou gwoup Whatsapp la, dwe fòmalize e pibliye kòm yon kominikasyon ofisyèl.
33. Tout kominikasyon ofisyèl ke yon Manm resevwa sou adrès elektwonik li angaje li nan moman li resevwa la. Yon Manm pa dwe pran tan konsilte imel li e reyaji, si sa mande sa, lè li jwenn notifikasyon ke'l gen yon mesaj.
34. Yon Manm ka pran o plis 5 jou pou'l reponn ak yon kominikasyon ofisyèl de Komite a, si kominikasyon sa a nesesite yon repons.
35. Si yon Manm pa bay repons 5 jou apre ke'l resevwa yon kominikasyon ofisyèl, Manm nan otomatikman tounen yon Manm Obsèvatè.
36. Adrès elektwonik TADL bay yon Manm dwe itilize sèlman pou kominikasyon ofisyèl ant Manm nan ak Komite a, oubyen ant Manm nan ak yon moun deyò, oubyen ak yon lòt òganizasyon.
37. Kominikasyon pa imel ki pa angaje TADL : tout kominikasyon ant yon Manm ak yon moun deyò oubyen ak yon lòt òganizasyon ki itilize adrès eletwonik TADL kote Manm sa a pa fè pati de komite a, oubyen Manm sa pat resevwa yon misyon de Komite a nan kad yon aktivite TADL.
38. Chak Manm dwe kenbe yon ton pwofesyonèl nan tout kominikasyon elektwonik.
39. Mo ke yon Manm ap itilize nan yon kominikasyon dwe fè ansòt ke mesaj la pase klè e byen, san ke moun ki resevwa mesaj la pa santi li ofanse menm si mesaj sa ta kont li.
40. Chak Manm dwe pran tout prekosyon pou'l pa pataje ak ankenn lòt moun "Modpas" ki bay aksè ak bwat imel li.